Kesyon yo poze souvan (FAQ)

Kisa PwofDijital ye?

Se yon platfòm fòmasyon sou entènèt an kreyòl: kou videyo sou konpetans dijital (sit entènèt, maketing, YouTube, pwogramasyon, grafik, aplikasyon, biznis sou entènèt).

Konbyen yon kou koute?

Chak kou koute 5 $ oswa mwens. Gen kou ki gratis nèt. Ou ka pran tou yon abònman 40 $/mwa ki bay aksè a tout kou peye yo pandan abònman an aktif.

Ki jan mwen ka peye?

Selon sa ki aktive: MonCash oswa EziPay (WalCashPay), PayPal / kat, oswa NatCash (ou voye lajan an epi ou bay nimewo tranzaksyon an; administratè a verifye l).

Èske mwen ka gade yon leson anvan m achte?

Wi. Leson ki make « Gratis » nan pwogram kou a ka gade san peye.

Konbyen tan aksè a dire?

Yon kou ou achte rete pou ou. Abònman an bay aksè pandan 30 jou pou chak peman (PayPal renouvle otomatikman; MonCash / NatCash ou renouvle chak mwa).

Mwen se fòmatè, kijan pou m vann kou mwen?

Kontakte nou. Administratè a ka fè kont ou tounen kont Enstriktè; ou kreye kou yo, epi yo pibliye apre verifikasyon. Ou touche yon pati nan chak vant.